PSG fè yon demann ak Fc Barcelone men ki voye jete

1


 PSG fè yon demann ak Fc Barcelone men ki voye jete


Lamine Yamal (16 an) kise yon bèl avni pou foutbòl la nan de ak twa lane wè klèb kapital frans lan vle genyen l nan efektif yo pou sezon pwochèn.

Selon Marca, PSG bezwen on jwè ki pou ranplase Kylian Mbappé ki limenm ap definitivman kite klèb la pandan ete sa, men yo vize jèn jwè Panyòl la ki limenm ap fè on bon sezon ak klèb li e rive delivre yo nan anpil moman difisil, PSG vle genyen jwè a kote l pwopoze 200 milyon ewo ak Fc Barcelone pou l achte jwè a pou ete sa men dirijan katalàn yo t a refize e voye jete òf sa yon kote e di PSG Lamine Yamal pa pou vann pinga yo mete espwa yo ke y ap kapab achte jèn jwè yo a.


Sitiyasyon klèb PSG a kapab konplike pou sezon k ap vini la koz y ap pèdi Kylian Mbappé e yo poko kapab jwenn on jwè ki pou ranplase l epi Dembélé paka konvenk vrèman klèb la, bagay yo ap vrèman konplike nan men "Ti Loulou" ak klèb sila pou sezon pwochèn.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire