Waw ! Etazini pral voye anpil materyèl pou PNH la

0


 Waw ! Etazini pral voye anpil materyèl pou PNH la 



Sa gen plizyè mwa depi Etazini te pwomèt lap ede Ayiti soti nan kriz ensekirite a. Se youn nan rezon kifè Joe Biden te deklare li prè poul bay èd li ak peyi a nan reyinyon Nasyonzini te fèt nan mwa ki sot pase yo. 


Nan moman an kote sitiyasyon an vin pi malouk nan peyi a,  prezidan ameriken an Joe Biden apwouve yon èd 10 milyon dola materyèl pou PNH la. Pami materyèl sa yo genyen katouch, jije pa bal, zam, kas ak lòt ankò la polis ap bezwen pou pèmèt Ayiti soti nan ensekirite sa kap taye banda nan peyi a depi kèk ane. 


Selon dènye eleman enfòmasyon yo, materyè ap gen pou soti nan stock HomelandSecurity ki nan peyi Etazini. Objektif materyèl sa yo se pou polis nasyonal la proteje sivil yo ki lage 2 bwa balanse, epi konbat nèg ame yo ki pran kontwòl 90% nan kapital peyi a. 


Aprè nouvèl sa, chak moun te gen yon opinyon diferan gen moun ki estime Ezazini te ka voye kek sòlda paske sòlda sa yo byen fòme, gen moun ki estime gen lòt materyèl ki tap peyi a byen ki ta dwe la tankou dron oubyen elikoptè ki ka batay. 


Pami sa anpil moun tap di sou materyèl ameriken yo pral voye yo, yo kesyone eske vrèman materyèl yo pral jwenn PNH la oubyen nèg isi ap fè afè pa yo avèk yo ? 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire