Perez ki limenm konte sou de jwè sa yo ki yo menm toujou la lè ekip la gen jwè k pala paske yo jwe tout kote sou teren an, eben prezidan an pral renouvle kontra yo.
Nacho ansanm avèk Vazquez wè kontra yo t ap fini nan mwa jen an pral gen on lòt chans pou pote koulè mayo blanch lan pou on sezon ankò swa pou mwa jen 2025 k ap vini la.
José Ignacio Fernández Iglesias (Nacho) fòme nan Real Madrid kote l te pase yon sezon nan Real Madrid C a e pase senk lane nan Castilla e monte nan gwo ekip la nan lane 2011 e depi lèsa li pa janm kite klèb sa e menm vin pase premye kapitèn klèb la apre depa Karim Benzema pou Arabi Sawoudit. Pandan ti tan l nan klèb sa li ranpòte 24 tit e ladan yo li pran 5 LDC ak 4 Liga, li make 16 gòl nan 351 match li jwe.
Lucas Vázquez Iglesias ki te fòme nan Castilla e rive prete nan RCD Espanyol pou on sezon e apre li tounen nan gwo klèb Real Madrid la nan lane 2014 e depi lèsa li fè on pakèt siksè ak klèb sa menm ke li pa t janm veritableman jwenn on pòs titilè nan ekip sa men dèfwa li ede ekip la vanse e raple nou nan lane 2016 fas Atletico Madrid nan siyans fatidik yo li te youn nan tirè ki te reyisi tiwobi pa l la, pandan ti tan l lan nan Real Madrid la li ranpòte 18 tit, ladan yo 3 Liga, 4 LDC ak 3 Sipè koup Ewòp, li jwe 339 match pou 34 gòl li rive make.
Yon bon desizyon pou Perez ki pral pwolonje Nacho ak Vazquez pou on lane ankò.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️