Real Madrid t a byen renmen gen sèvis jèn lateral goch kanadyen an k ap pote nan moman sa koulè mayo Bayern Munich men ki wè jiskaprezan l poko kapab fin jwenn on antant ak klèb sa.
Selon sa jounalis Fabrizio Romano fè konnen maten an, Alphonso Davies pa deside pwolonje kontra l avèk Bayern Munich e sou wout pou l siyen nan Real Madrid si bagay yo rete konsa paske klèb bavarois a di li p ap kite l ale gratis nan lane 2025 kote kontra l ap bout avèk yo.
Jounalis la ale pi lwen pou l fè konnen nan kèk semèn k ap vini la tout bagay t a dwe regle ant Davies avèk Real Madrid si koze pa pwolonje a toujou rete jan l ye a.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️