Selon Nasyonzini soti janvye pou rive jodia gen plis pase 1500 kretyen vivan ki tonbe anba men nèg a gwo manch long. Nan ka sa, Volker Turk kise komisè Nasyonzini mande se pou gen yon bagay ki fèt pou Ayiti paske li pa nòmal pou moun yo ap viv nan yon sitiyasyon konsa.
Daprè Wo Komisè Nasyonzini pou Dwa Moun nan, Volker Turk, sitiyasyon ki genyen an Ayiti dènye jou sa yo se yon « katastwòf ». Li mande kominote entènasyonal la pou pote èd a popilasyon Ayisyèn nan rapid.
Poun byen diw fanmi, pifò moun sa yo ki tonbe anba men ti mesye ame yo se moun ki tap viv Pòtoprens se sa ki lakoz anpil abitan ap kouri kite kapital la pou al pran refij yo nan kèk zòn pwovens akoz ka kantite moun kap mouri anba kout bal.
Done yo moutre, soti janvye pou rive fevriye te gen plis pase 116 mil moun kite Pòtoprens pou ale an pwovens. Pou mwa mas la gen plis pase 33 mil moun ki kouri kite kapital la majorite nan moun sa yo se Gran Sid la yo fè.
Se konsa sitiyasyon an ye nan peyi a se rezon sa kifè pèp la anba kiyès kap vin retire yo nan tray sa, sa fè lontan depi yap moute le syèl pa do pa gen okenn moun ki panse ak yo. Antouka !
Rezo9 Aktyalite Politik