Sak pase nan dosye Bim ki pran bwa kale a ?

0


 Sak pase nan dosye Bim ki pran bwa kale a ? 



Ananel Alexandre ki se yon polisye ak Michelet Musca kise yon ansyen chèf sekirite fè vwèl pou peyi san chapo. Se popilasyon an ki met dòmi nan je yo nan moman yo ta pral achte zam ak bal pou bandi. 



Enfòmasyon yo fè konnen 2 mesye sa yo te nan yon Nissan X-Terra, lè Lapolis arete yo a. Daprè Sendika nasyonal polisye Ayisyen yo Synapoha, Ananel Alexandre ki se yon Ajan 2, ki afekte nan BIM, se yon polisye aktif. 


Aprè arestasyon yo, manm nan popilasyon an touye 2 mesye sa yo, ki te gen plizyè milyon goud sou yo men la polis te met men sou yo sou fwontyè a , nan nivo Beladè. Ananel Alexandre, ajan 2 ki afekte nan BIM, ak Musca Michelet, ansyen Chèf sekirite KEP a, te gen avèk yo tou, 2 pistolè 9 milimèt, 6 chajè ranpli ak bal, yon bwat 50 katouch 9 milimèt, epi 7 telefò. 


Done yo moutre mesye sa yo te gen gwo kòb sou yo, daprè otorite lokal yo, nèg yo te gen 20 mil dola ameriken nan yon valiz, yo te gen plis pase 6 milyon 300 mil goud pou yo tal achte zam ak katouch pou ti mesye kap simen latwoublay nan peyi a. 


Jan anpil moun renmen dil gen yon melanj ant polisye yo depi kèk tan ou ta di se Kòkòt ak Figaro tèlman bagay yo melanje nèt depi plizyè ane. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire