Akoz difikilte teknik Karayib pa fè emisyon maten an
PDG Radyo Karayib la Patrick Moussignac anonse sou paj Facebook li pa gen emisyon Premyè Okazyon maten an akoz kèk problem teknik, li profite prezante eskiz li ak tout oditè epi entènot ki pa janm rate emisyon sa
Nan ka sa, PDG a pwomet direksyon RTVC a ap travay ak teknisyen yo yon fason pou problem sa ka rezoud byen rapid. Sitou se yon emisyon tout peyi a renmen li pa vle fanatik yo ret soufri pou lontan.
Se sak fè siw ta wè yon emisyon sou rezo sosyal yo maten an la konnen se pa Karayib paske problèm teknik fè yo pa fonksyone jan sa konn fèt la.
Rezo9 Aktyalite Politik
