Lionel Messi fè gwo deklarasyon jodi a konsènan karyè li
Meyè jwè mond la te nan mikwo laprès maten an pou l te pale de karyè l e tou pwofite pale de pasaj li nan seleksyon an kote l di si l pa t ranpòte koup dimonn 2022 a li t ap pran retrèt entènasyonal li.
Si Ajantin pa t genyen koup dimonn 2022 a, Lionel Messi t ap pran retrèt entènasyonal !
“Si bagay yo pa t ale jan yo te fè a (genyen koup dimonn nan), mwen t ap pran retrèt entènasyonal mwen, paske mwen te sou pran yon lòt viraj nan karyè mwen.
Nou chanpyon mondyal pou nou, fanmi nou yo ak tout peyi a te majik, epi li pral rete grave nan memwa nou pou tout rès lavi nou."
Lionel Messi te ale pi lwen pou l te pale sou karyè li kote jounalis li te di l èske l pa gen okenn rèv pou foutbòl la ankò?
"Pa ak foutbòl, non. Mwen akonpli tout bagay nan karyè m. »
Yon karyè rich pou Lionel Messi pandan pasaj li nan Barcelone ak Argentine sofke lè l pase nan PSG li pa t tèlman briye jan anpil fanatik li te panse l la, men rive l nan Inter Miami ki limenm pa t kanpe sou anyen anvan l rive a men kounye a se yon lòt bagay pou klèb sa ki vin tounen on klèb k ap plis suiv nan mond foutbòl la.
Efè Lionel Messi.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️