Real Madrid korije Celta Vigo nan Bernabeu a

0


 Real Madrid korije Celta Vigo nan Bernabeu a



Nan 28èm joune Liga a, Real Madrid t ap resevwa ekip Celta Vigo a pou wè si yo teka mete eka pwen kite separe yo ak Girona a epi Barcelone men yo pa tranble paske yo bat 4-0.

Real Madrid te demare avèk fòmasyon 4-4-2 li a kote se Brahim Diaz ki te an fòm menè de je epi Camavinga te sou tèt defans lan, Rodrygo ak Vinicius te sè l de moun ki te nan atak la.


Yon match ki te demare avèk anpil angajman paske youn nan de ekip yo t ap pwoteje tèt yo pou pa pran gòl men pou mesye Ancelotti yo se jwe yo te vin pou yo genyen, nan 21èm minit de je Vinicius Jr t a pral make gòl 1-0 a apre on kònè de Luka Modrić tèt de Rüdiger balon an pa rantre epi Vini an de tan mete balon an nan kan an e se sou eskò sa mitan an te fini.

Nan dezyèm mitan an, nou te wè Celta Vigo vin avèk on lòt detèminasyon kote yo t ap pouse pou chèche egalizasyon an men yo te tonbe sou on gwo Lunin ki te a chak tan t ap anpeche balon rantre e jwè Real yo pa t dakò pou yo te egalize ak yo vin rive make dezyèm gòl yo nan 79èm minit apre on kònè de Modrić epi Rüdiger mete tèt la ki al frape sou batrans vèsal la e li vin rebondi nan do gadyen Vigo a kise Vicente Guaita epi rantre nan kan an e lèsa w kapab di viktwa asire pou klèb mayo blanch lan men se pa t rete la paske nan 88èm minit se t a pral 3-0 a suit avèk on sant de Vinicius epi defansè a bay tèt li gòl e fini ak tout espwa ekip la e Arda Güler t a pral rantre nan plas Vini nan 89èm minit e pral make gòl 4-0 a kise premye gòl li sou koulè Real suit apre on bèl pas de Dani Ceballos epi jèn jwè 18 lane a drible gadyen an ak pye goch epi l fè gòl la ak pye dwat li e match la fini sou eskò 4-0 a.

Apre bèl viktwa sa, Real Madrid toujou rete premye nan klasman an avèk 69 pwen swa 7 pwen devan  Girona (2èm) epi 8 pwen sou Barcelone (3èm), pwochen match yo se pral lakay Osasuna samdi ak 11è15 am.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire