Luis Enrique fè on gwo deklarasyon sou Kylian Mbappé apre match kont Stade de Reims

0


 Luis Enrique fè on gwo deklarasyon sou Kylian Mbappé apre match kont Stade de Reims

Kylian Mbappé te ret sou ban ranplasan jodi a fas Reims nan kad 25èm joune Lig 1 an.

PSG fè on match nil (2-2) fas Reims e wè l kite file 2 pwen enpòtan ale men sa k te parèt biza nan rankont sa se pi bon jwè klèb kapital la ki te sou ban pandan 73èm minit e rive rantre nan plas Gonçalo Ramos la e malgre sa li pa t rive chanje anyen nan match la, men apre rankont lan kotch PSG a te pale sou avni Mbappé “M swete tout bon bagay yo ak Kylian Mbappé pou avni li. Se yon jwè fantastik e ankò plis antanke pèsonn. M swete l vrèman tout bon bagay yo”. Deklare nan on kout videyo.

Deklarasyon sa montre w klè ke Mbappé p ap rete nan PSG ankò e destinasyon l se ale nan Real Madrid sezon pwochèn.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire