Ariel Henry kòmanse pran gwo presyon

0


 Ariel Henry kòmanse pran gwo presyon


Sekretè Deta Ameriken an Antony Blinken mande pou Premye Minis ayisyen an Ariel Henry demisyone nan tèt peyi a nan jou yo la poul ka fè plas ak yon tranzisyon politik,  se jounal ameriken an, Miami Herald ki bay enfòmasyon sa yo. 

 


Bagay yo pral kòmanse vire nan men PM nan se depi lè nèg ame yo ap fè gwo dega nan kapital peyi a. Se depi la anpil moun te deja gen gwo dout sou avni politik Ariel Henry nan tèt peyi a. 


Se depi lè li te ale Kenya pou finalize akò politik li pou garanti deplwaman Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal la kap vini a se jis apresa nèg ak gwo manch yo komanse frape, kont enstitisyon piblik ak prive nan tout kapital la, san nou pa bliye prizon, komisarya, ak anpil lòt kote ankò. 


Se rezon sa kifè Ariel Henry paka mete pyel nan peyi a, done yo fe konnen li te eseye pase Sen Domeng, li te menm rive ale  nan Pòtoriko, men pou kounya enfòmasyon yo fè konnen li nan peyi Etazini kote li anba kontwòl ajan Biwo Envestigasyon Federal la (FBI).


Daprè jounal Miami Herald,  yo te fè konnen Administrasyon Biden nan lage chèf gouvènman ayisyen an nan batay la poukont li yo mandel poul anonse demisyon li. Yon lòt bò, Premye Minis lan fè konnen sèl sa li bezwen nan moman an se retounen nan peyi  a malgre jan bagay yo difisil la. 


Anthony Blinken ak ekip li a rete kwè yo gen yon plan pou soulaje sitiyasyon ki parèt malouk nan lari Pòtoprens, men plan sa ta dwe gen ladann demisyon Ariel Henry akoz yo estime depi peryòd gouvènans li a, se sèlman dlo nan je, soufrans ak laperèz li pote pou pèp ayisyen. 


Nap raplew, sa gen plizyè jou depi blan meriken mande PM nan demisyonl men jis kounya li rete nan silans li. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire