Anbasad Amerikèn nan kanpe an granmoun

0


 Anbasad Amerikèn nan kanpe an granmoun



Anbasad Amerikèn ki nan peyi Dayiti a anonse malgre tout sa kap pase yo anbasad la rete gran ouvè selon sa yo te pibliye sou rezo sosyal li yo, jou kite dimanch 10 mas 2024 la. 


Jan nou ka remake sa depi denye jou yo,  vyolans neg ame yo kontinye ap fè nan vwazinaj anbasad Amerikèn nan ak ayewopò a se rezon sa kifè Depatman Deta Ameriken an te fè yon  aranjman pou fè soti tout  anplwaye anbasad la. 

Anbasad la klarifye tou  tout moun  kap travay pou gouvènman ameriken an kite peyi a akoz ensekirite a kap vale teren. Anbasad la fè konnen Depatman Deta a  toujou adapte bon jan  aranjman li nan anbasad amerikèn yo ak konsila atravè mond lan se sak fè yo pran gwo mezi pou sekirize anbasad yo an Ayiti. 

Selon dènye eleman enfòmasyon yo, lame ameriken an te transpòte anplwaye anbasad ameriken yo nan lannwit  samdi pou leve nan dimanch, men se elikoptè kite ale ak moun sa yo.

Done yo fè konnen nan moman sa la Anbasad la ouvè, men pa gen anplwaye se marin amerikèn ki ladan kap sekirizel konsa nèg ak gwo manch long yo pap ka antre ladanl. 

Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire