Nan kad 28èm jounen chanpyona Espay la Atlético Madrid te an deplasman lakay Cadiz avanyè samdi 9 mas la, Atletico Madrid rive tonbe 2-0, e defèt sa tou di ke Simeone bay Liga a vag, malgre Cadiz rive fè 3 pwen sa li toujou rete 18èm plas nan klasman an.
Atletico Madrid domine Cadiz pandan tout 90 minit la, malgre dominasyon a sa pa t anpeche se Cadiz ki te jwenn ouvèti eskò a nan 24èm minit de je gras avèk Juanmi Jiménez e ekip yo te tou rantre nan vestyè ak eskò 1-0 a, nan 64èm minit Jiménez t a pral make dezyèm gòl match la e dezyèm gòl pèsonèl li nan match la e rankont la fini sou eskò 2-0 a.
Apre l fin pèdi match sa, Atletico Madrid rete nan 4èm plas la avèk 55 pwen, e Cadiz limenm toujou rete nan 18èm plas la ak 22 pwen malgre viktwa l la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️