Opoze ak Emirati Al-Ain, klèb Arabi Al-Nassr elimine nan tiwobi jodi lendi a nan kadefinal lig chanpyon Azyatik la. Rankont kote Cristiano Ronaldo rate yon okazyon ki t ap enpòtan pou klèb li a.
Yon aksyon rate pa Cristiano Ronaldo devan gòl advèsè a ki fè pale nan tout mond lan, yon bagay ki pa t fasil rive jwè foutbòl la pandan ven ane l ap jwe foutbòl.
Pandan ke ekip Al-Nassr elimine nan Lig chanpyon Azyatik la nan kadefinal la pa Emiratis Al-Ain (4-4 an total, 3 tiwobi ak 1), ansyen atakan Real Madrid la te malere nan match la, rate on gwo okazyon.
Li te reyisi make on gòl sou penalite pou l pèmèt Al-Nassr mennen 4-3 nan 118èm minit de je.
Jis apre lè de je, lè eskò a te 2-2 a Al-Nassr te toujou ap eseye ranvèse advèsè l apre premye defèt la (1-0), Ronaldo te panse li te bon sou on frap gadyen an te mal repouse. Yon gòl liberasyon. Men, lè sa li te ak mwens pase de mèt de gòl la, plen aks, san defansè e ni gadyen an pou t a jennen li, men Pòtigè a twouve yon mwayen li choute deyò.
Yon rate monimantal ki toutfwa pa anpeche Al-Nassr voye match la nan pwolongasyon an gras avèk yon gòl Alex Telles (3-2, 72e), answit tiwobi apre yon penalite de menm Ronaldo a nan 118e (4-3). Men, pandan siyans fatidik yo, CR7 te sèl nan kat tirè yo nan ekip li a kite konvèti tantativ li a, kote Al-Ain te rive konvèti tout pa yo a, e atenn demifinal la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️