Premyè Dam Kenya a Rachel Ruto anonse li pral mete yon pwogram priyè pou chak polisye nan peyi Kenya kap gen pou deplwaye Ayiti nan objektif pou vin konbat nèg a manch long kap simen latwoublay nan peyi a.
Rachel Ruto bò kotel tap reflechi sou dosye Ayiti a epi li reyalize pou jan sitiyasyon an malouk la nan peyi Dayiti a, fòk genyen yon « entèvansyon espirityèl » pou kapab asire sekirite ak byennèt ofisye Kenyan yo, ak pèp Ayisyen an.
Nou konnen, sa gen plizyè depi nou konnen Nasyonzini te anonse se Kenya kap nan tèt yon fòs militinasyonal kap gen pou misyon pou vin ede Ayiti soti nan ensekirite a ki blayi sou peyi a depi plizyè ane men jouk jounen jodi a okenn fòs poko deplwaye.
Aprè deklarasyon Rachel Ruto a, gen anpil moun estime madan prezidan an se nan jwèt lap pase moun, yo fè konnen Ayiti pa gen problèm priyè paske se sa nou pa manke nan peyi a. Moun sa yo kwè se aksyon ki pou poze kounya paske sa gen lontan depi nap priye.
Gen anpil moun ki deklare tou peyi a pat menm bezwen Kenya, paske pwoblèm Ayiti a ka rezoud ak polisye ayisyen yo men se paske leta pat janm gen okenn volonte pou rezoud ensekirite a si te gen volonte peyi sa tap dous pase dlo kokoye.
Rezo9 Aktyalite Politik