Pwogram imanitè pawòl la, anpil moun konnen sou non Pwogram Biden nan kontinye ap fè chimenl. Daprè dènye done yo pami peyi ki gen posibilite pou patisipe nan pwogram sa Ayiti nan tèt lis, nou devan tout moun.
Selon dènye eleman enfòmasyon ki soti nan CPB, yo estime soti nan mwa janvye 2023 pou rive nan fen mwa fevriye 2024 la, ayisyen se vole yo vole Etazini tèlman gen anpil ki jwenn otorizasyon pou ale nan peyi Tonton Sam.
Done yo fè konnen gen 156.000 ayisyen ki apwouve, dezyèm peyi ki bay plis moun ki apwouve se Venezyela ki bay 97.000, Kiba bò kote pal bay 81.000 moun aprè nou jwenn Nicaragua ki bay 71.000 moun ki apwouve pou ale Etazini soti janvye 2023 pou rive nan fen mwa fevriye 2024 lan la.
Poun rete sou sak konsène nou, sou 156.000 moun ki apwouve yo, gen 151.000 ki deja rive nan peyi Joe Biden. Jan anpil moun renmen dil ayisyen pa konn nan jwèt nan zafè vwayaj li.
Nap raplew pou kounya avyon pa vole soti Ayiti oubyen kite Ayiti, men tout moun ki deja jwenn otorizasyon vwayaj yo ka prolonje delè otorizasyon vwayal la san okenn difikilte.
Rezo9 Aktyalite Politik