Nan yon entèvyou l te bay ak jounal Pòtigè A Bola, João Cancelo te bay favori li pou Ewo 2024 la. Defansè 29 lane a pa t manke mete aksan sou kalite jwè ki fòme ekip Pòtigal la - sa ki fè yo youn nan favori yo daprè li, men tou li te bay senk lòt seleksyon pou yo veye: "Gen Angletè, ki gen yon gwo ekip, ak Lafrans tou. Espay, nan fason yo jwe, toujou difisil pou fè fas la. Almay plen talan, e Itali tou. »
Otè twa gòl nan faz kalifikasyon pou Koup Ewòp la, jwè ki fòme nan SL Benfica a te anonse premye objektif Seleção an ete k ap vini an: "Gen anpil favori e Pòtigal se youn nan yo. Men, ou dwe pran li etap pa etap. Nou gen obligasyon pou nou fini faz de gwoup la an premye pozisyon, nou se favori. »
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
