Atletico Madrid ki limenm ap byen konpòte l jiskaprezan pandan sezon an men m ke w kapab repwoche yo dèske yo prèske pèdi Liga a men yo toujou nan LDC a kote yo pral kwaze Dortmund nan sa ki gen ak wè kadefinal konpetisyon sila ki maten an resevwa on bon nouvèl paske yon jwè ki gen anpil estim pou klèb la pwolonje kontra l.
Koke Resurrección pwolonje pou yon ane jiska jen 2025 ak yon akò ant li menm ak klèb la te konkli pou yon renouvèlman anyèl nan fen chak sezon. Ak klèb Panyòl la, Koke te genyen 2 Liga (2014 ak 2021), 2 Ewopalig (2012 ak 2018) epi tou li te rive nan final Lig chanpyon de fwa (2014 ak 2016).
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
