Dominique Dupuy nou konnen kite fè pati youn nan 8 manm nan Konsèy Prezidansyèl la, madam nan deklare li resevwa anpil mesaj ki atake karaktèl antanke fanm anplis de sa li menm jwenn menas lanmò, li fè yon kwaze kite sa.
Jan anpil nan nou konn sa, Dominique Dupuy te fè pati kowalisyon politik RED EDE Konprom Istorik. Malgre li te gen volonte poul ede peyil menm jan gran papal, manmanl ak papal te fè sa men malerezman li oblije kite Konsèy la menm si li se sèl fanm kite la.
Après gwo anons sa, san pran tan, Kowalisyon Politik RED la gentan jwenn yon lòt ranplasan kise Smith Augustin pou al reprezante yo nan konsèy la paske yo vle fòk yo gen yon manm ki la kout ke kout se sak fè yo fè chwa de mesye Augustin.
Nap raplew Augustin Smith se te anbasadè ayisyen nan peyi Sen Domeng kotel te pase 2 lane nan djòb sa, soti nan ane 2020 pou rive 2022 san nou pa bliye tou mesye sa se yon doktè an sosyoloji.
Rezo9 Aktyalite Politik