Selon dènye eleman enfomasyon yo, fòs miltinasyonal la kite gen pou vin Ayiti depi byen lontan an poko ka debake toujou akoz rezolisyon peyi Kenya a fè konnen deplwaman an paka fèt nenpòt kijan.
Done yo fè konnen, pwoblèm nan se paske premye paragraf nan rezolisyon sa a te fikse yon dire inisyal 12 mwa depi apati dat vòt la. Nan ka sa, plizyè ekspè nan te eseye esplike sa kap pase a selon James Boyard kise pwofesè inivèsite li deklare si fòs Kenya yo ta deplwaye jodi a, yap gen sèlman 5 mwa pou reyalize 2 objektif yo fikse yo.
Objektif sa yo se repran kontwòl espas kriminèl yo okipe yo sitou nan kapital peyi a epi aprè netralize aktè kriminèl yo menm si anpil moun estime se tap yon gwo delivrans pou pèp ayisyen.
Se sak fè gen moun ki estime, gen enterè pou gouvènman ayisyen an kreye byen vit Konsèy Sekirite Nasyonal la. Antite sa a pral la gen pou sipèvize epi dirije misyon miltinasyonal la nan lòd, pou yo optimize reyalizasyon objektif kle yo.
Profesè a bò kote pal te kontinye poul yo paka pèdi twòp tan ankò yo dwe pèmèt nouvo misyon sa a rezoud problem ayiti a byen rapid avan menm ane sa fini. Se sou sou baz sa a, pwofesè Boyard kwè kreyasyon konsèy la nesesè pou siksè misyon miltinasyonal la.
Nap raplew, Kenya bò kote pal fè konnen yap pase flanbo a bay Sen Domeng paske yo te cho devan bann nan. Menm si denyè enfomasyon yo fe konnen prezidan dominiken an ap rale kòl poul pa pote gwosè chay sa sou dol, li estime Sen Domeng pa gen kapasite lojistik, pou dirije yon misyon konsa paske li twò konplike.
Rezo9 Aktyalite Politik
