Tiraj osò pou kadefinal Lig chanpyon an fèt maten a

0


 Tiraj osò pou kadefinal Lig chanpyon an fèt maten an



UEFA te bay randevou jodi a pou tiraj osò yo te fèt kote nou gen 8 ekip ki t ap tann ak kiyès youn ap kontre ebyen yo konnen l maten an avèk 4 chòk.



Nan uit ti boul ki t ap vire yo rive mete kat gwo chòk nan kadefinal Lig chanpyon an, yon lòt fwa ankò nou pral jwenn chòk "Real Madrid fas Manchester City" a pandan twa zan nou toujou jwenn Pep Guardiola fas Ancelotti e de premye ane yo se (1-1) sa ye ant yo de a e yo pral pati pou on twazyèm fas a fas men fwa sa se nan kadefinal la.


Dènyè fwa Barcelone te elimine nan Lig chanpyon an nan 8èm de final se te kont PSG e pou kadefinal sezon 2023-2024 la yo pral fas pou fas ankò.


Mikel Arteta pral nan on gwo batay avèk Thomas Tuchel pou kadefinal sa ki pral mete Arsenal kont Bayern Munich.


Atletico Madrid ki te sot soufri nan uityèm de final la pral rankontre avèk Borussia Dortmund ki limenm te pase trankilman sou PSV Eindhoven.


Men tiraj la konplè👇


Arsenal - Bayern Munich

Real Madrid - Manchester City

Atletico Madrid - Borussia Dortmund

PSG vs Fc Barcelone


Match ale nan kadefinal sa yo ap gen pou fèt 9 ak 10 avril epi match retou yo ap fèt 16 ak 17 avril k ap gen pou rive la.


Pou kwazman demi final yo n ap jwenn venkè match Real Madrid - Manchester City a ap gen pou kwaze venkè match Arsenal - Bayern Munich lan epi nan lòt de kadefinal yo se venkè match Atletico Madrid - Borussia Dortmund lan k ap gen pou l kwaze venkè match PSG - Fc Barcelone nan.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire