PNH la ap goumen pou rejwenn eskanp figil

0


PNH la ap goumen pou rejwenn eskanp figil 



Inyon Nasyonal Ofisye Polis Ayisyen yo (SYNAPOHA) denonse, jedi 14 mas 2024 la, aksyon sèten moun kap chache sal imaj plizyè ajan enstitisyon an sou rezo sosyal yo.


Selon Koyòdonatè SYNAPOHA a, Lionel Lazarrey li te  pwofite salye kouraj frè ak zam li yo ki te reziste kont atak sivil ame yo, sitou nan kapital peyi a Pòtoprens ak kèk zòn sou Delmas .


Nan ka sa, Lionel Lazarre denonse aksyon plizyè sektè ki fè espre pou eseye sal imaj yon pakèt polisye ki deja ap pèdi nwit chak jou pou asire sekirite popilasyon an. Menm si gen moun ki estime polisye yo paka sekirize tèt yo ou pa bezwen di pou sitwayen yo. 


Malgre tout sa kap di yo, Chèf SYNAPOHA  di li kondane aksyon sa yo ki vize patikilyèman detwi polisye yo e detwi enstitisyon lapolis la. Lionel Lazarre renouvle angajman Inyon PNH la poul ka kontinye defann dwa polisye yo.


Chèf SYNAPOHA salye kouraj ak detèminasyon polisye ak responsab plizyè komisarya nan Pòtoprens ak Dèlma ki te reziste ak atak bandi yo e ki te lakòz yo echwe nan pran kontwol kek zòn. 


Lionel Lazarre mande wo kòmandman PNH la ak gouvènman an pran dispozisyon pou bay enstitisyon an bon jan mwayen pou kapab konfwonte mesye ame ki deranje lapè piblik la.


Rezo9 Aktyalite Politik


 

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire