Xavi Hernandez kapab tounen sou desizyon li e rete nan Fc Barcelone pou sezon pwochèn

1


 Xavi Hernandez kapab tounen sou desizyon li e rete nan Fc Barcelone pou sezon pwochèn


Apre on pakèt kritik swa laprès, fanatik koz move rezilta l ap fè avèk Fc Barcelone, eben Xavi Hernandez te deside apre rankont fas Villarreal (3-5) nan kad 22èm joune Liga a pou l anonse nan laprès ke l ap kite Barcelone nan fen sezon an.


Depi apre desizyon l pran pou l kite Barcelone nan, eben ekip la se viktwa sou viktwa l ap fè menm ke l te fè 2 match nil, youn nan Liga a ak yon lòt nan Lig chanpyon an men kanmè m li rive g on ti amelyorasyon parapò avèk avan.


Selon @Jose Alvarez, Xavi Hernandez kapab tounen sou desizyon e rete nan Barcelone pou sezon pwochèn. Antouraj antrenè a fè konnen "nan foutbòl ou pa janm konnen sa ki ka rive" e nan ka sa prezidan klèb la poko di anyen nan dosye sila.



Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire