Selon anbasadris amerikèn nan Lineda Thomas Grennfield, peyi Bénin propoze pou yo voye 2000 sòlda pou patisipe nan misyon miltinasyonal la ki gen misyon pou retire Ayiti nan ensekirite kap ravajel depi plizyè ane.
Nou te deja konenn sa gen plizyè mwa depi nap tande gen yon fòs militè ki gen nan tèt li peyi Kenya ki gen pou debake sou sòl papa Desalinne nan men jouk jounen jodi popilasyon ayisyèn nan toujou ap soufri pa gen okenn entèvansyon kifèt pou wetel nan sal ye a.
Nan ka sa, genyen Bènin kise yon lòt peyi nan kontinan afrik la ki pran yon gwo desizyon pou voye militè li vin ede Ayiti selon sa Lineda Thomas fè konnen nan yon konferans près li tap bay nan peyi Guyane ban kad somè CARICOM nan.
Jan nou ka remake sa, plizyè peyi te promèt nou yap pote soutyen yo men jiskaprezan poko gen okenn aksyon ki poze. Etazini bò kote pal te pwomèt 200 milyon menm jan ak Canada, Bahamas te mobilize 150.000 sòlda san nou pa bliye Martinique ak anpil lòt te fè konnen yap patisipe nan ede pèp ayisyen an soti nan kriz sa men poko gen anyen ki fèt.
Nap sonje byen se peyi Kenya kite pran inisyativ pou dirije misyon sa men jis kounya tribinal lokal yo poko bay polisye yo otorizasyon pou mete pye nan peyi Dayiti. Menm si prezidan Kenya a Wiliam Ruto rete kwè lap kontinye goumen poul jwenn aksè poul pèmèt 1000 militè Kenya yo ateri Ayiti.
Nap raplew, premye minis ayisyen an Ariel Henry te deja kite peyi a poul ale Guyana nan somè CARICOM nan aprè lap gen poul ale nan vil Nairobi kise kapital Kenya pou aranje tout detay pou sòlda yo ka vin ede Ayiti rale yon souf.
Rezo 9 Aktyalite Politik