Toni Kroos kise ansyen jwè Bayern Munich ke Real Madrid te achte jiyè 2014 pou 25 milyon ewo e kòmsi s on kado klèb peyi Almay la te fè klèb peyi Espay la paske l jwenn randman nan men jwè foutbòl la pandan 9 lane l ap jwe lakay li a.
Aprè 9 lane ak 7 mwa pase nan klèb sa e konnen on pakèt siksè, eben kontra jwè foutbòl la ap gen pou l bout avèk ekip madrilèn lan nan mwa jen k ap gen pou rive la men ki poko gen nan lide okenn klèb, men dirijan Real Madrid yo vle bali yon lane ankò.
Swit avèk bèl sezon 2023-2024 l ap reyalize ak klèb sila, eben dirijan yo pran plezi nan jwè foutbòl la e vin plis admire l, men selon "Marca" prezidan an di fò k entènasyonal alman an pwolonje ansanm avèk klèb la men bò kote pa jwè a li poko reponn ak pwopozisyon sila, si pou l rete oswa kite klèb la.
Yon dosye n ap suiv de prè.
NB: Toni Kroos rive enfòme semèn ki so t pase a ke l retounen sou desizyon l pou l rekòmanse jwe pou seleksyon Almand lan nan mwa mas la k ap gen pou l vini la paske l fè konnen se seleksyonè a ki mande pou li, li oblije tounen jwe pou yo. N ap raple w ke Kroos te mete fen nan karyè entènasyonal li se te apre Ewo 2020 an apre eliminasyon ekip Almay la nan uityèm de final konpetisyon sila.
Lamarre Jameson ✍🏿
Honnêtement nivo football misye ap depize la,misye gen menm 3 sezon nan wo nivo a nan pyel toujou oui
RépondreSupprimer