Nan kad match 5èm tou FA Cup la ekip Manchester City rive enpoze l sou ekip Luton Town nan 6-2.
Se te on match kite fasil pou Manchester City depi nan debi a jiska fen rankont lan. Lè w ap suiv match sa ou t ap wè ni Haaland ni Kévin De Bruyne te twò fò pou ekip an fas la paske ak yo 2 yo rive enplike sou 4 premye gòl ekip Manchester City a.
Nan 3èm minit pas de Kévin De Bruyne epi gòl pou Haaland.
Nan 18èm, 40 ak 55èm minit rankont lan Haaland make 3 gòl ankò avèk on lòt fwa ankò 3 pas desiziv pou Kévin De Bruyne.
Nan 72èm minit de je gòl pi rèd pou Haaland men fwa sa se Bernardo Silva kite rive sèvi l pas desiziv la.
An gwo jodi a ekip Luton Town nan pa t kapab reziste volim foutbòl ekip sila a, yon dominasyon ekrasant tèlman City te fè kè balon an kontan.
E apre kalifikasyon sa ekip Manchester City kalifye pou pwochen tou konpetisyon sila.
Haaland ki limenm pa t ap tèlman fè yon bon sezon parapò ak sezon pase akoz l ap blese e sa vin rann li desann nan fòm li men li sou kèk rankont la kote l ap byen jwe e sa montre klè ke fen sezon Manchester City a p ap piti menm e se la Guardiola di sezon an pi enpòtan tou.
Lamarre Jameson ✍🏿