Real Madrid ofri Kylian Mbappé on gwo prim si l rive pran balon dò a sou koulè mayo pa yo a

1


 Real Madrid ofri Kylian Mbappé on gwo prim si l rive pran balon dò a sou koulè mayo pa yo a

Apre plizyè ane ap soufri nan dosye sa a, Real Madrid pral finalman genyen Mbappé nan efektif yo pou sezon pwochèn, jwè fransè a deja bay akò l ak klèb kapital Panyòl la e yon kontra pou 5 lane avèk on salè k ap evalye ak 20 milyon ewo pa ane.


Menm ke dirijan PSG yo poko enfòme piblik yo a depa jwè fransè a men avan sezon an fini y ap gen pou anonse nouvèl sila.


Kylian Mbappé deja dakò pwopozisyon Real Madrid la e menm deklare ak prezidan PSG a ke l ap kite klèb la apre sezon sa gratis, e nan demen li te anonse patnè l yo avan antrènman ke l ap kite klèb la definitivman pou l ale nan Real Madrid.



Selon plizyè medya madrilèn yo gentan ap pale de yon triyo "BMV" ki ale konsa "Bellingham, Mbappé ak Vinicius" pou sezon pwochèn.


Kylian Mbappé wè ke l pral jwenn anpil avantaj nan klèb sa, prim siyati, 20 milyon pa ane epi lòt prim ki pral fè l plis plezi a se sa kote si l rive genyen balon dò a.



Dirijan Real Madrid yo fè konnen nan rive Mbappé nan klèb yo a si jwè fransè a rive ranpòte balon dò a l ap gen on prim k ap evalye ak "15 milyon ewo" yon prim ki kapab fè jwè a al travay plis pou l rive genyen balon dò a.



Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire

  1. Définitivement ce gars là va venir avec tout son statut de chef d'équipe 🤔

    RépondreSupprimer