Kepa Arrizabalaga fache avèk Ancelotti

1


 Kepa Arrizabalaga fache avèk Ancelotti


Ansyen gadyen ekip Bilbao a kise aktyèl gadyen Chelsea a men ki prete nan Real Madrid pou 6 mwa koz meyè gadyen klèb la kite blese pou 6 mwa.


Kepa te rive nan klèb madrilèn nan kòm gadyen ki t a pral ranplase Thibaut Courtois valableman paske Ancelotti pa t tèlman mete konfyans li nan Lunin ki limenm se te dezyèm gadyen klèb la apre Courtois.


Arrizabalaga te rive e jwenn plas li kòm gadyen nimewo 1 an e Lunin bò kote pa l te vini apre l, men Kepa te kòmanse ap byen konpòte l avèk klèb la men ki t a pral ankese kèk gòl ki pa t a fè kotch la plezi men kite estil kontinye jwe avèk li e yo te mete gadyen Ikrèn nan jwe koup Espay.



Blese nan mwa novanm, Kepa te oblije kite kan an pou Lunin e apre on pakèt match ap byen jwe ansanm avèk klèb sa e sitou rankont fas Atlético Madrid, Fc Barcelone, Naples ak Alavés te oblije wè Ancelotti bliye gadyen Panyòl la sou ban an.


Antouraj Kepa yo pa kontan, yo boude sou Ancelotti e daprè kèk sous ki t a revele ke gadyen an p ap rete nan ekip la apre prè 6 mwa a fini ak klèb madrilèn nan.



Lamarre Jameson ✍🏿

Ces posts pourraient vous intéresser

1 commentaire