Nan kad 23èm joune Bundesliga a, Bayer Leverkusen (1e) t ap resevwa ekip Mainz 05 (17èm) la.
Ekip k ap antrene pa Xabi Alonso a te nan obligasyon pou l genyen rankont lan pou l teka kontinye pakou san fot li genyen pandan sezon 2023-2024 la, ebyen yo toujou di kouto timoun se nan maten li file.
Bayer Leverkusen bat (2-1) ekip Mayence lan nan kad jounen sa. Granit Xhaka (3') te bay ekip Leverkusen nan avantaj eskò a, ekip Mayence lan t a pral egalize pa Dominik Kohr (8') minit rankont lan. Premye mitan an te fini sou eskò (1-1) an.
Nan dezyèm mitan an Xabi Alonso te oblije chanje ekip la pou mete plis presyon sou Mayence e yo t a pral jwenn gòl (2-1) an nan 68èm minit lan gras avèk Robert Andrich e eskò match la te fini nan avantaj Leverkusen ki anrejistre 19èm viktwa l nan Bundesliga a pou 4 match nil.
Apre bèl viktwa sa ekip Bayer Leverkusen nan pase ak 61 pwen nan klasman an swa 11 pwen sou Bayern Munich ki limenm poko jwe joune sa e l ap gen pou l jwe l demen kont ekip RB Leipzig la.
Lamarre Jameson ✍🏿
