Tiraj osò 8èm de final Lig Ewopa a fèt maten an
Nan kad baraj Lig Ewopa a, yo te bezwen 8 ekip pou t al konplete lòt 8 ekip kite fin premye nan gwoup respektiv yo a pou al fè on tiraj osò pou t al mete 8 rankont ale-retou nan konpetisyon sila.
Yè nan kad baraj retou a nou rive jwenn 8 kalifye yo pou t a konplete rès yo👉 Benfica, Marseille, Roma, Sparta Prague, Sporting CP, Milan Ac ak Qarabağ. Ebyen nou te deja konnen ekip kite kalifye pou 8èm de final yo anvan an se te👉 Liverpool, Brighton, Glasgow Rangers, Fribourg, West Ham, Bayer Leverkusen, Villarreal ak Atalanta.
Maten an yo rive fè tiraj osò yo ki soti konsa👇
Sparta Prague (RTC) - Liverpool FC (ANG)
Olympique de Marseille (FRA) - Villarreal CF (ESP)
AS Rome (ITA) - Brighton & Hove Albion (ANG)
SL Benfica (POR) - Rangers FC (ECO)
SC Fribourg (ALL) - West Ham United (ANG)
Sporting CP (POR) - Atalanta Bergame (ITA)
AC Milan (ITA) - Slavia Prague (RTC)
Qarabağ FK (AZE) - Bayer Leverkusen (ALL)
NB: match ale yo ap jwe jedi 7 mas epi retou yo ap jwe 14 mas k ap vini la.
Lamarre Jameson✍🏿

bon bagay
RépondreSupprimerHello
RépondreSupprimer