Pase plizyè ane ap soufri nan dosye sila, Real Madrid selon tout enfòmasyon k ap sikile sou rezo sosyo yo pral finalman siyen Mbappé nan efektif yo pou mwa jiyè k ap gen pou rive la.
Selon Marca, AS ak Mundo Deportivo, jwè fransè a deja bay akò l ak klèb madrilèn nan pou on kontra 5 lane avèk on salè 20 milyon chak ane e k ap gen pou l resevwa on prim 15 milyon ewo si l ta rive ranpòte balon dò a nan Real Madrid.
Eben maten an, selon "El Chiringuito" ki se yon jounal ki respekte e ki fyab nan bay enfòmasyon rive fè konnen meyè bitè istwa PSG a vle fè ti frè l la kise Ethan Mbappé tou ale ansanm avèk li nan Real Madrid. E jounal la menm ale pi lwen pou l fè konnen Kylian gentan ap mete dirijan Real Madrid cho sou dosye sila.
Kounye a rete Real Madrid pou deside sou chwa sa jwè fransè a pwopoze yo a.
Lamarre Jameson ✍🏿

E gwo koze oui.
RépondreSupprimer