Pewou bat, Ayiti genyen!
Nan kad dezyèm match zanmitay pou prepare koup dimond, Ayiti fè bèk atè devan Pewou ki bat yo anba eskò 2 gòl a 1 apre’l te fin kraze madi pase a ekip nouvèl zeland lan anba eskò 4 gòl a 0.
Malgre defèt la anpil moun ki tap gade rete kwè ke Ayiti pèdi nan eskò men genyen nan lòt sans paske objektif seri match chofe jarèt sa yo se pou pèmèt antrenè ekip yo wè pwen fò ak pwen fèb ekip kap prepare pou y’al patisipe nan venntwazyèm edisyon koup dimond lan. Defèt sa selon plizyè obsèvatè ta sipoze louvri zye antrenè seleksyon an, Sebastien Migné sou gwo difikilte ekip la genyen lè pou’l defann sou kout pye arete yo tankou koufran ak kònè, ki dapre anpil moun se pi gwo feblès ekip la.
Kounya ekip la pral kontinye konsantre ak antrene nan katye jeneral yo avan yo afwonte Ekòs 13 jen kap pwoche la pou premye match yo nan konpetisyon an.
Grenadye alaso!
Woodly CADET
