Gwo pwoblèm nan defans Brezil!
Se pa tout jwè antrenè ekip yo rele ki prale nan koup dimond lan vre, se toujou konsa avan chak koup dimond.
Brezil pou dezyèm ak dènye match zanmitay chofe jarèt li tap twoke kòn ak Ejipt, pèdi akoz blesi aryè lateral dwat ki petèt ta pral titilè pou ekip ki ranpòte konpetisyon an plis la.
Wesley se jwè AS Roma kap evolye nan chanpyona itali a ki te oblije non sèlman kite match la byen bonè (13 zyèm minit) poul te ranplase pa Danilo men tou kite delegasyon ekip Bresil la paske apre egzamen doktè wèl pap ka patisipe nan pi gwo fèt football la kap kòmanse ane sa soti 11 jen kap pwoche la pou bout 19 jiyè.
Finalman, se Éderson yon mitan teren ki tap jwe nan Atalanta toujou nan peyi itali ki apèn siyen yon kontra ak Manchester United nan peyi Angletè ki ranplase’l.
Wesley menm jan ak anpil lòt jwè ki blese avan koup dimond la kòmanse te panse yo tap ka reprezante peyi yo, malerezman blesi deside lòtjan.
Bon retablisman pou Wesley epi bòn chans ak Éderson!
Woodly Cadet
