Nan kad premye match nan uityèm de final Koup Ewòp la, Suisse te gen randevou ak Italie kote youn nan yo t a pral chèche kalifikasyon yo pou kadefinal la eben se Suisse ki rive mete chanpyon an yo deyò kote yo bat (2-0).
Yon match kote ekip Suisse la metrize l depi nan debi a jiska fen rankont lan, yo te gen kontwòl balon an plis, yo kreye plis okazyon gòl e defann pi byen se te vrèman on ekip Swis ki te bon nan kò l fas Italie limenm ki pa t kapab jere volim foutbòl sila. Gras avèk R. Freuler 37èm te make gòl (1-0) a e answit nan kòmansman dezyèm mitan an genyen R. Vargas 46èm minit te mete peyi l ak (2-0) nan match la e rive genyen match foutbòl sa avèk briyo.
Apre rankont sa, UEFA chwazi R. Vargas kò m pi bon jwè match foutbòl la kote l te bitè e pasè desiziv an menm tan nan rankont lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
