Ewo 2024: Allemagne metrize ekip Danemark la e kalifikasyon pou Kadefinal Koup Ewòp la
Nou te anchene ak dezyèm match nan uityèm de final Koup Ewòp Nasyon an, Allemagne te gen randevou ak Danemark kote l bat (2-0) pou l kalifye pou kadefinal konpetisyon sila.
Yon bèl ekip Almand nan nivo jwèt yo kote yo te byen monopolize balon an e kreye on pakèt okazyon e si se pa t gade Danois a Schmaichel yo teka pran omwen 5 gòl paske gòlkipè yo a te fè 7 arè nan rankont sa. Gras avèk Kai Havertz (p) e Jamal Musiala ekip k ap antrene pa Julian Nagelsmann nan avanse nan konpetisyon an kote y ap y ap venkè match (Géorgie - Espagne) la ki yo menm ap jwe demen dimanch lan ak 3è apre midi nan lè peyi dayiti e 20h00 nan lè ewopeyen.
UEFA chwazi Antonio Rüdiger kò m pi bon jwè match foutbòl la.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
