Nan on match fizik ekip Géorgie a pa rive mete do ekip République Tchèque la atè kote yo fè (1-1) e lèse yon bèl avantaj pou Portugal ak Turquie ki yo menm te gentan ak twa nan klasman an.
Yon si bèl rankont kote ekip Tchèk la te byen demare an tè m de je paske yo t ap fè ekip Jeyòji a kouri dèyè men apre 30èm minit se ekip Kvaratskhelia a ki t a pral jwenn on penalite nan on moman yo t ap mete pye yo sou akseleratè a, G. Mikaudadze te transfòme l nan gòl la nan 45+4 minit ki t ap jwe nan premyè an e fini l (1-0).
Ekip Tchèk la rantre nan dezyèm mitan an kote l fè de chanjman pou l teka mete plis asirans nan match la e yo te rive pran match la nan Jeyòji jis nan 69èm minit yo t a pral egalize gras avèk P. Schick, e apre yo te vrèman monte sou ekip Jeyòji a kote yo te anpeche yo ouvri jwèt yo e menm ekip Jeyòji a te g on bon gadyen kote l sòti 10 arè nan match foutbòl sila kite rive anpeche peyi l pran yon dezyèm gòl nan rankont lan jiskaske l fini sou eskò nil (1-1) an.
UEFA chwazi gadyen Jeyòji a, Giorgi Mamardashvili kò l pi bon jwè match foutbòl sila.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️