Ewo 2024: France ak Pays-Bas fè on match nil e vyèj nan dezyèm jounen an

0


 Ewo 2024: France ak Pays-Bas fè on match nil e vyèj nan dezyèm jounen an



Nan kad match chòk jounen vandredi an nan Koup Ewòp la, France te gen randevou ak Pays-Bas kote yo mete tèt yo ansanm pou fè match nil (0-0).



Nan on match ki te vrèman taktik, kote youn nan ekip te gen moman pa yo, fizikman tou de ekip yo te ak pwen, pou atak la ou pa t vrèman santi ekip France la te bon men ekip an fas la te vrèman enkyete yo jiskaske yo te jwenn yon gòl gras avèk Xavi Simons men abit la te anile l men se te vrèman on match kite fizik anpil e jiska kout siflè final la (0-0).



UEFA te chwazi N'Golo Kante kò m pi bon jwè match la, jwè sa te sou tout kò teren an, li bouje, atake, defann osi byen, se byen merite pou entènasyonal Fransè a.



Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire