Oh ! Kout bal frape sou yon elikoptè fransè yo

0


 Oh ! Kout bal frape sou yon elikoptè fransè yo

Dènye jou yo otorite nan peyi Lafrans pran inisyativ pou retire anpil nan sitwayen yo Ayiti akoz ensekirite a ki kontinye ap vale teren. Jan sa kòmanse ap fèt pou moun sa yo ka evakye yo oblije pase Repiblik Dominikèn avan pou yo pran direksyon Lafrans. 


Pandan plizyè elikoptè fransè ap eseye kite Ayiti a, yo pa souvan fèl fasil akoz  ti mesye manch long yo vide kout bal sou elikoptè a. Daprè sa Kapitèn Lamarin Fransèz, Adrien Schaar rapòte, pandan yap fè vòl yo, te gen anpil tire.


Li kontinye poul di yo te oblije vole lannwit, epi chanje direksyon detanzantan. « Erezman pa gen moun anndan elikoptè nou yo ki touche », se sa Kapitèn nan deklare. Li ajoute poul di pandan nèg manch long yo ap frape a gen yon katouch ki frape nan elikoptè a men erezman pat gen moun ki te viktim. 


Nap raplew depi semèn pase yo otorite nan peyi Lafrans te deside pou retire fransè yo nan peyi a akoz ensekirite a dayè yo te menm anonse te deja gen plis pase 170 fransè ki ale. 


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire