Bayer Leverkusen genyen Hoffenheim nan twa minit pou avanse pi plis nan tèt klasman an

0


 Bayer Leverkusen genyen Hoffenheim nan twa minit pou avanse pi plis nan tèt klasman an


Nan kad 27èm joune Bundesliga a, Bayer Leverkusen t ap resevwa ekip Hoffenheim la pou wè kijan yo kapab ogmante kantite pwen yo genyen sou Bayern Munich lan anvan match y ap jwe kont Dortmund lan, eben klèb k ap antrene pa Xabi Alonso a enpoze l 2-1 e pase ak 13 pwen sou dezyèm nan.


Poutan se ekip Hoffenheim la kite byen demare rankont foutbòl la depi nan 33èm minit gras avèk Maximilian Beier ki te pèmèt yo mennen nan rankont lan. Mitan match la te rive fini 1-0 nan avantaj ekip kite an deplasman an men sa pa t rete konsa paske ekip ki envenki pandan sezon an t a pral egalize nan 88èm minit de je gras avèk Andrich e touswit apre yo t a pral jwenn on dezyèm gòl nan 90+1 avèk Patrick Schick e genyen rankont foutbòl la 2-1.


Apre viktwa sa, Bayer Leverkusen vin pase devan Bayern Munich pou 13 pwen diferans anvan li jwe match pa l la fas Dortmund jodi samdi a.


Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire