Mezanmi Kanadyen yo pral lage pye yo

0


 Mezanmi Kanadyen yo pral lage pye yo 


Minis Afè Etranjè Kanadyen an Melanie Joly fè konnen, yo pral ede sitwayen ki pi vilnerab yo kite peyi a,akoz deteryorasyon kondisyon sekirite yo, epi fèmti ayewopò Pòtoprens lan. 


Selon Minis la, Kanada pral kontinye chache lòt opsyon pou Kanadyen ki ak tout fanmi yo kite peyi a paske yo estime jan bagay yo ye la moun sa yo ka viktim akoz ensekirite a kontinye ap vale tere sitou nan kapital peyi a. 


Nan ka sa, Melanie Joly deklare Kanada pral òganize vòl pou pèmèt tout sitwayenl yo kite Ayiti men yo pral gen pou yo pase Sen Domeng akoz nou konnen sa gen plizyè jou depi avyon pa soti ni antre nan peyi a akoz ensekirite a. 


Jan anpil nan nou ka remake sa, dènye jou sa yo se tout nasyon kap eseye kouri kite peyi a paske pa gen moun ki ka viv nan yon sitiyasyon. Nap raplew, nan jou ki sot pase yo Repiblik Dominikèn te entèdi moun ki gen paspò ayisyen pou yo pa mete pye nan peyi yo pou ale Etazini. 


Jounal ameriken an Miami Herald te ajoute pou yo di se pa tout moun ki gen otorizasyon pou kite Ayiti  nan moman, yo deklare, nenpòt moun ki gen kat vèt la men ki Ayiti pap gen otorizasyon pou pran elikoptè pou ale Sen Domeng. 


Nap raplew, sa gen kèk jou depi kapital Ayiti a tounen yon simetyè kote anpil moun deja pèdi lavi yo. Se sak fè anpil moun ap mande kiyès vrèman kap vin retire nou nan tray sa ? Antouka ! 



Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire