Ansyen depite Cholzer Chancy jwenn liberasyonl

0


 Ansyen depite Cholzer Chancy jwenn liberasyonl 


Jounen mèkredi 27 mas la, ansyen depite komin Ennri a jwenn liberasyon aprè avokal te mande yon men leve pou li akoz santel pa fin bon. Jij Merlan Bélabre te fin tandel, majista a bay lòd pou yo liberel aprè li fin pase 2 mwa nan prizon. 



Se depi 22 janvye 2024, Cholzer Chancy te jwenn arestasyonl apre jij Al Duniel Dimanche te estime ansyen depite a te patisipe nan detounman materyèl nan CNE a kise Sant Nasyonal Materyèl.


Malgre anpil abitan Ennri te òganize manifestasyon  kote yo te menm rive bloke wout ki mennen Gonaïv la men sa pat anpeche yo te mete Cholzer Chancy nan prizon penitansye kote li te sot pase 2 mwa dèyè bawo. 



Nap raplew Jij dimanch te met yon karantèn manda dèyè anpil gwo pèsonalite piblik tankou Michel Martelly, Laurent Lamothe, san nou pa bliye Jocelerme Privert te fè pati lis la. 


Rezo9 Aktylite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire