REAL MADRID SOVE 3 PWEN YO GRAS AK YAN DIOMANDÉ !

0

 

Real Madrid fè yon viktwa 1-0  fas Villarreal nan kad 8yèm jounen La Liga a, gras ak yon gòl Yan Diomandé ki pèmèt ekip la pran twa pwen ki trè npòtan.Malgre difikilte yo te rankontre pandan match la, ekip madrilèn nan rive fè diferans lan sou teren an.




Match la pat fasil pou merengue yo, Kylian Mbappé, bò kote pa li, rate plizyè okazyon pou l ta make gòl, sa ki anpeche l mete non l sou fèy match la. Atakan fransè a te gen posiblite pou l ogmante avantaj ekip li a, men li pa t rive pwofite opòtinite sa yo.



Yon lòt gwo moman nan rankont lan se te katon wouj Vinícius Júnior resevwa a, ki vin ajoute plis tansyon nan match la. Ekspilsyon brezilyen an te kapab konplike travay Real Madrid, men ekip la rive konsève avantaj li jiska siflè final la.



Avèk viktwa sa a, Real Madrid moute nan twazyèm plas Liga a ak 18 pwen e yo kontinye batay nan chanpyona Espay la, pandan twa pwen sa yo kapab gen anpil enpòtans nan kous pou tit La Liga a. 


Aucun commentaire