Men lis 24 jwez Pia Sundhage chwazi pou rasanbleman mwa oktòb la!

0


Seleksyon nasyonal feminen Ayiti a pral reyini ankò nan kad rasanbleman entènasyonal mwa oktòb la. Antrenè prensipal la, Pia Sundhage, mete ansanm yon lis 24 jwez ki pral reprezante peyi a pandan peryòd sa a.





Pami non ki pi remakab yo, nou jwenn Melchie Dumornay, Nérilia Mondésir ak Brittany Raphino, ki fè pati gwoup jwez yo rele pou rasanbleman an.



Lis la gen ladan l tou de nouvo figi ki pral fè premye eksperyans yo ak seleksyon an: Danique Ypema ak Audrey Chelsie François. Se yon gwo premye pou toude jwez yo, ki jwenn opòtinite pou yo montre kapasite yo nan ekip nasyonal la.



Rasanbleman sa a reprezante yon nouvo etap nan preparasyon seleksyon feminen an, pandan Pia Sundhage ap kontinye konstwi yon gwoup konpetitif ak yon melanj ant jwez ki gen eksperyans ak nouvo talan.


Rezo9 

Aucun commentaire