LDC: Manchester City pèdi lakay Sporting CP
Nan 4èm jounen Lig chanpyon yo, Manchester City te deplase al lakay Sporting CP pou t al chèche yon viktwa, men se te mal fini pou yo paske klèb Pòtigè a kraze yo 4-1.
Yon kòmansman match ki poutan te nan avantaj Citizens yo depi byen bonè nan rankont lan (1-0), gras avèk Phil Foden nan 4èm minit, men yo te fè yon bon bout tan ap mennen jiska 38èm minit, V. Gyökeres ta pral mete match la (1-1) e fini mitan an sou eskò sa.
Nan dezyèm mitan an, byen bonè nan 46èm minit, M. Araújo te bay Sporting CP avantaj eskò a (2-1), e twa (3) minit aprè sou penalite, V. Gyökeres te mete match la (3-1) nan 49èm minit, lèsa bagay yo te vin konplike nan men Pep Guardiola, men nan 69èm minit, Erling Haaland ta pral rate yon pennalite, kote l ta pral mete balon an sou poto gòlkipè Sporting nan sou yon lòt pennalite ankò, V. Gyökeres pral fè gòl (4-1) an nan 80èm minit ki tou sèvi l triple nan match foutbòl la, se sou menm eskò sa match foutbòl la fini.
Bèl viktwa pou Sporting CP kote yo bat youn nan pi bon ekip nan mond lan. Yon lòt defèt pou Pep Guardiola e sa fè l twazyèm li youn kole ak lòt, se yon bagay ki pa t rive antrenè Espanyòl la depi 2018, men avèk Rodri kise dènye gayan balon dò a, yo te rete sou 52 match san yo pa t konnen defèt.
Aprè match la, UEFA chwazi V. Gyökeres kise jwè k make 3 gòl nan match la kò m pi bon jwè rankont lan.
Rezo9 aktyalite espòtiv✍️