Fout Transfè: João Félix ale nan ekip Chelsea a

0


 Fout Transfè: João Félix ale nan ekip Chelsea a



Dirijan Atlético Madrid yo kite wè jèn pòtigè a te retounen lakay yo apre prè yon lane l nan Fc Barcelone nan, men Diego Simeone pa t vle jwè foutbòl la e di l konsa li pa konte sou li se chèche yon nouvo klèb pou l ale, eben jwè a ale nan peyi Angletè.




Selon Fabrizio Romano, se klèb Chelsea a ki rive achte João Félix nan men Atlético Madrid pou yon sòm kòb ki evalye ak 50 milyon ewo e se yon kontra ki pral siyen pou 6 pwochèn lane k ap vini la. Maten an jwè foutbòl la te pase avèk siksè vizit medikal li ansanm avèk nouvo klèb li.



Nan kèk èdtan ankò Chelsea pral sòti nòt ofisyèl la pou anonse arive João Félix lakay yo.



Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire