Fout Transfè : Leny Yoro se pral nouvo jwè Manchester United nan kèk èdtan ankò

0


 Fout Transfè : Leny Yoro se pral nouvo jwè Manchester United nan kèk èdtan ankò

Jwè fransè a, Leny Yoro te wè pandan kòmansman mèkato se de Real Madrid ke non l t ap site e menm limenm osi te wè destinasyon l se klèb kapital Panyòl la men finalman se Manchester United ki pral gen rezon nan transfè sa.


Dirijan Manchester United yo te nan on dyèl ak Real Madrid sou transfè Leny Yoro a men Perez pa t vle bay plis ke 30 milyon pou jwe fransè a kote Lille pa t satisfè de kòb sa, men genyen Manchester United kite oblije mete l an fòs nan dosye sa pou l mete kòb la piwo pou konvenk li vin jwenn, yo depoze 60 milyon ewo sou tab la pou ke yo gen sèvis jèn jwè a, men selon dènyè enfòmasyon yo jwè fransè a te rann li an Angletè depi yè mekrèdi a pou al pase vizit medikal li e siyen yon kontra ant jodi a jedi a oubyen demen vandredi an, li rete sèlman pou n suiv sa k ap pase nan dosye sa koz se 24èdtan yo te bay pou yo ofisyalize Leny Yoro bay piblik United la.




Rezo9 aktyalite espòtiv✍️

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire