Nou konnen deja 8 ekip kalifye pou kadefinal Lig chanpyon an.
Nan 8èm de final retou Lig chanpyon an ki te fèt nan de semèn nou rive anrejistre uit kalifye pou rès konpetisyon an, semèn pase nou te deja konnen kat kalifye deja kise Real Madrid ki te pase sou RB Leipzig (1-0 ; 1-1), Manchester City te pase sou Copenhague (3-1 ; 1-3), Bayern Munich te pase sou Lazio (0-1 ; 3-0), epi PSG te pase sou Real Sociedad (2-0 ; 1-2), eben apresa te rete lòt kat ekip ki te gen pou pase pou ajoute sou rès kat la fè uit, yè madi a ak jodi a mekrèdi a nou konnen rès kat yo kise Barcelone ki rive pase sou Naples (1-1 ; 3-1), Arsenal pase sou Fc Porto (0-1; 1-0 ; tiwobi 4-2), Borussia Dortmund pase sou PSV Eindhoven (1-1 ; 2-0), epi Atletico Madrid pase sou Inter Milan (0-1 ; 2-1 ; tiwobi 3-2) e sa fin fè ke nou konnen uit kalifye pou kadefinal LDC a.
Uit kalifye pou kadefinal yo se👇
🇫🇷 Paris
🏴 Arsenal
🏴 Manchester City
🇪🇸 FC Barcelone
🇪🇸 Real Madrid
🇪🇸 Atletico Madrid
🇩🇪 Bayern
🇩🇪 Dortmund
Espay bò kote pa l se peyi ki gen plis reprezantan an avèk 3 ekip epi Almay ak Angletè gen 2 ekip, frans 1 ekip ladan n.
Tiraj osò pou konnen ki ekip k ap gen pou kwaze nan kadefinal yo ap gen pou fèt vandredi 15 mas la ak 7è nan maten e w ap tou gen on ide apre tiraj la nan ki fason tablo demi final yo ap ye paske yo p ap fè tiraj ankò y ap tou senpleman fè kwazman an pou pa gen oken kalkil.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️
