Jounen mèkredi 20 mas la, kout bal pa sispann chante nan Petyonvil sa ki lakoz plizyè abitan nan zòn sa oblije kouri kite lakay yo nan elikoptè. Bagay yo melanje nèt nan peyi a se tout moun kap pran men sòl pa yo.
Jan anpil nan nou konn sa, dènye jou sa yo Pòtoprens vire tèt anba kote ensekirite a pa sispann taye banda nan peyi a. Sa kifè pèp ayisyen an kontinye ap mande kilè yap soti anba tray sa kap ravaje tout peyi a nèt depi lontan.
Pou kounya se Petyonvil ki nan kouri, kote done yo fè konnen gen 5 moun ki pèdi lavi yo jounen mèkredi 20 mas la. Non sèlman sa, nou ka remake elikoptè desann kote anpil moun te oblije kouri kite zòn sa nan elikoptè a dayè yo fè plizyè vwayaj kote yo tap bwote moun.
Yon lòt bò, toujou nan menm dosye Ayiti a. Jeneral Laura Richardson fè konnen, kriz ki genyen aktyèlman an Ayiti a, mande yon « solisyon entènasyonal ». Sepandan nan yon kominike Depatman Defans amerikèn mete deyò, yo fè konnen yo pa gen entansyon voye twoup an Ayiti pou kounya
Nap raplew, sèlman pou jounen ayè lendi 19 mas la, yo te dekouvri yon douzèn kadav nan lari Petyonvil. Depi kòmansman semèn nan, gang « Kraze Baryè » ki gen nan tèt yo Vitelhomme Innocent, ap tante pran kontwòl plizyè zòn nan komin sa a.
Rezo9 Aktyalite Politik
