Konbyen kòb wap bezwen pouw kite peyi a nan moman ?

0


 Konbyen kòb wap bezwen pouw kite peyi a nan moman ? 



Gwo revelasyon fèt sou kantite lajan yon moun ap bezwen pou kite peyi a. Malgre vòl pa fèt nan kapital la depi kèk jou men sa pa anpeche gen moun ki peye gwo lajan pou yo ka kouri kite pòtoprens ki sanble ap pran dife dènye jou sa yo. 


Depi lè eskalad vyolans yo vin pi mal nan peyi a, se elikoptè kap antreprann vòl ekstraksyon ki riske pou deplasman anpil sitwayen ki vle kite kapital peyi a. Selon yon pilòt dominiken ki fe gwo revelasyon sa bay   jounal ameriken an  Miami Herald,li fè konnen yon vòl elikoptè  koute ant $10,000 a $15,000 dola ameriken pou kite peyi a.


Selon menm sous la, plas ki disponib sou elikoptè ak pilòt ki vle vole an Ayiti yo trè limite e yo trè chè, tout sa yo se akòz difikilte konpayi elikoptè yo rankontre pou jwenn apwobasyon pou plan vòl yo nan men otorite Sendomeng yo.


Daprè Miami Herald pilòt elikoptè yo te kòmanse fè vòl ekstraksyon ki riske yo koute jiska $80,000 dola vèt pou chak chèz men gen yon pilòt dominiken ki di yon vòl charter elikoptè  koute ant 10 a 15000 dola ameriken. 


Nan ka sa, gen Steve McPartland, ki se manadjè jeneral pou Amerik yo nan Miami ak nan Emerald Solutions Group, li deklare  yap travay pou ede etranje, espesyalman sitwayen ameriken ki ap eseye pati, men pilòt yo toujou ap refize pèmisyon akòz restriksyon Repiblik Dominikèn enpoze yo. 


Konpayi sa a ki baze nan Emira Arab Ini yo ofri sèvis elikoptè ansanm ak sèvis sekirite, pou moun kap vwaye yon fason pou yo pa gen okenn kè sote soti pa rapò ak sa kap pase nan kapital ayisyen an kote dènye jou yo la bagay yo mangonmen nèt.


Jounal ameriken an deklare espas aeryen Ayiti a ta ka fèmen, men se pa nesesèman pou moun ki gen koneksyon ak pòch yo plen , sa vle di moun ki gen bagay nan men yo ki gen gwo lajan pou ta vwayaje libe libè.  


Rezo9 Aktyalite Politik

Ces posts pourraient vous intéresser

Aucun commentaire