Ak 34 an, Javier Pastore gen 29 seleksyon pou ekip Ajantin nan kote l fè (2 gòl), men ansyen milye teren Paris Saint-Germain an pa janm ranpòte anyen ak Albiceleste la. An revanch li te rive asiste tit Ajanten yo nan mondyal 2022 a, nan peyi Qatar. Eben kòm yon ansyen Parisyen li te gen privilèj pou l pale sou sa nan vestyè wouj ak ble a. E repons Kylian Mbappé te komik anpil.
"Avèk Kylian, wi. M te wè l kèk mwa apre final la Koup dimonn Qatar a, lè PSG te ale antrene e jwe yon match. Mwen te nan vestyè a, avè l ak Messi, ak Ney. Mwen felisite l pou koup dimonn nan e li reponn: "Noooo, «C'est ce fils de pute de Messi» ki te bat nou nan koup dimonn nan..." Li te di sa kòm yon blag, kòmsi li te di ke Leo te genyen tout bagay sou li. Mwen te pale ak Kylian anpil, li se yon nèg trè konsantre, li pèdi yon final e nan demen li te deja ap panse ak pwochen bagay li pral genyen. Li gen yon mantalite enkwayab. Mwen konnen li anpil, mwen gen yon trè bon relasyon ak li e li se yon gayan, li goumen ak 100%. Mwen sezi pou yon jwè ki nan laj sa a ki g on mantalite serye konsa nan li. Mwen te sèlman wè bagay sa a nan Cristiano Ronaldo ak Messi, "se sa li te deklare nan La Nacion.
Rezo9 aktyalite espòtiv ✍️